1. Anilasyon anvan kòmansman travay la
Si ou anile kòmann ou anvan ekip nou an kòmanse travay sou pwojè a, ou gen dwa a yon ranbousman 100% nan montan ou te peye a, san penalite.
2. Anilasyon apre kòmansman travay la
Depi travay la kòmanse (rechèch, design, pwodiksyon, konfigirasyon), pa gen ranbousman — paske tan ak resous ekip lan deja angaje nan pwojè ou a. N ap sepandan livre tou sa ki te deja fèt jous nan moman anilasyon an.
3. Kijan pou anile
- Voye demann anilasyon ou pa imèl nan support@taktikmarketingagency.com oswa WhatsApp nan +1 239 364 2895.
- Mete: non ou, nimewo kòmann oswa devis lan, ak dat ou te pase kòmann lan.
- N ap konfime resepsyon demann ou nan 48 èdtan ouvrab.
- Si ranbousman aplikab, l ap fèt sou menm mwayen peman ou te itilize a nan 7 a 14 jou ouvrab.
4. Fòmasyon (ka espesyal)
Fòmasyon dijital yo swiv Règleman ranbousman ak retou — yo pa anilable apre ou fin jwenn aksè, akòz nati pwodwi dijital yo. Sepandan, si ou achte yon fòmasyon epi ou pa janm aktive aksè ou, kontakte nou nan 7 jou pou nou jwenn yon solisyon.
5. Anilasyon pa nou
Nou rezève dwa pou anile yon kòmann (pa egzanp si nou pa ka reyalize sèvis lan). Nan ka sa a, w ap resevwa yon ranbousman konplè otomatikman.
Dènye mizajou: oktòb 2026.