Application Mobile iOS & Android
Nou kreye aplikasyon mobil pwofesyonèl pou biznis ou — sou iPhone ak Android — pou kliyan ou yo ka kòmande, rezève epi rete konekte ak ou dirèkteman sou telefòn yo.

Pou kiyès?
Pou biznis ki vle ale pi lwen pase yon senp paj: boutik ki vle vann sou telefòn kliyan yo, konpayi sèvis ki pran rezèvasyon, kreyatè ki vle yon kominote prive. Kliyan ou yo ap gen biznis ou a nan poch yo, 24 sou 24.
Sa ki enkli
- Yon sèl aplikasyon ki mache sou iOS (iPhone) ak Android
- Design pèsonalize ak koulè ak logo brand ou a
- Paj enfòmasyon biznis + katalòg pwodwi oswa sèvis
- Bouton WhatsApp ak apèl dirèk nan app la
- Notifikasyon push pou anonse pwomosyon ak nouvote
- Preparasyon fichye yo pou App Store ak Google Play
- Fòmasyon rapid pou w aprann jere aplikasyon w lan
Kijan nou travay
- Etap 1: Konsiltasyon gratis — nou konprann biznis ou ak sa w vle app la fè
- Etap 2: Devis detaye + plan fonksyonalite yo (san angajman)
- Etap 3: Design + devlopman aplikasyon an
- Etap 4: Tès sou telefòn reyèl epi koreksyon
- Etap 5: Lansman — soumisyon nan App Store ak Google Play epi fòmasyon
Kesyon frekant
Konbyen tan li pran?
Selon fonksyonalite yo, anjeneral 3 a 6 semèn soti nan konfimasyon devis la rive nan lansman an.
Èske m bezwen yon kont devlopè?
Wi — pou pibliye app la sou non ou, Apple mande yon kont Apple Developer ($99/an) epi Google yon kont Google Play Developer ($25 yon sèl fwa). Nou gide w etap pa etap pou kreye yo.
Èske app la ap mache sou iPhone ak Android?
Wi — nou devlope yon sèl aplikasyon ki mache sou tou de platfòm yo, konsa w pa peye de fwa.
Kijan pri a kalkile?
Pri a depann de fonksyonalite ou chwazi yo. Mande yon devis gratis — nou ba w yon pri klè anvan nou komanse, san sipriz.
Pare pou komanse?
Ranpli fòmilè kontak →taktik.
Nou ede biznis ayisyen grandi sou entènèt ak estrateji ki bay rezilta.